Memo Pòdkas

Memo Pòdkas

Fabrice Mésidor, Ricardo Molière
ประเทศ เฮติ
ภาษา HT
จำนวนตอน 71
ล่าสุด 26.09.2026

Memo Pòdkas analize tout kalite tèks, soti nan aspè literal ak literè. Prezantatè yo envite oditè yo pou dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri. Podcast la pote yon ti memo chak epizòd pou diskite sou tèks yo.

ตอน

  • Epizòd 80 - Louise Marie - Orchestre Septentrional 26.09.2026 31นาที
    Louise Marie se fanm sila ki te brize kè Roger Colas. Nan yon bolewo klasik ki titre Louise Marie, Roger t ap plenyen jan kè l te fanm an 2 moso aprè yon separasyon. Men, li te pran swen tou pou l soulinye jan l ap kontinye renmen manzè. Me ak Mo te pran plezi debat otou de yon ekstrè tèks sila. Al tande epizòd 80 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 79 - Yo pa voye wòch sou mango vèt 19.09.2026 31นาที
    Yo pa voye wòch sou mango vèt. Sa vle di ke yo voye l sou sak mi yo. Kisa mango ak woòch senbolize nan yon ekspresyon konsa? Sipoze se ou ki mango a epi w pran on kout wòch, ès ke w ap panse se paske mi ou byen w ap pran tan pou w analize wòch la? Epizòd sila te pèmèt Me ak Mo brase lide sou bèl metafò sa. Al tande epizòd 79 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 78 - Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou 12.09.2026 30นาที
    Gon epòk nou te konn tande sa anpil: Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou. Jodiya pou epizòd 78 la, Me ak Mo tounen sou ekspresyon sa ki gen plis ladann ke sa w tande a. Al tande epizòd 78 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 77 - Sak pase? N ap boule! 05.09.2026 30นาที
    Depi w se ayisyen ou paka pa konn sa pou w reponn lè yo mande w "Sak pase". Kesyon-repons sa tounen mak frabrik ayisyen. Li tounen yon etikèk lengwistik. Nan Epizòd 77 la, Me te mande Mo sak pase. Mo pat ezite pou l te di lap boule. Al tande epizòd 77 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 76 - "Bagay yo myèl"! 22.08.2026 28นาที
    "Bagay yo myèl"! Yon eskpresyon ki fè pati de langaj kouran nou. Kisa w panse de ti pawòl sa? Es ke li kontradiktwa ou pa? Nan epizòd 76 la, Me ak Mo te pran plezi pou pataje opinyon yo.  Al tande epizòd la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 75 - L'Amour - Wanya Ardouin 15.08.2026 35นาที
    Si pou ou lanmou se yon senp santiman, konnen w poko konn Lanmou. A travè yon bèl powèm Mémordue Wanya Ardouin t ap pataje avè nou on verite ke l kole sou li tankou yon etikèt. Me ak Mo kote pa yo te kontan bay avi yo sou yon si bèl verite. Al tande epizòd 75 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 74 - Entelijans Atifisyèl: Menas oubyen Alye? 08.08.2026 32นาที
    Entèlijans Atifisyèl se yon fòs ki deja antre nan mond nou an. Nou pa gen anpil chwa sou prezans li, men nou toujou gen yon chwa sou relasyon nou pral bati avèk li. Nan epizòd 74 la, a travè yon tèks ke Jean Philippe, yon Memordu voye ban nou,  Me ak Mo pral wè eske Entèlijans Atifisyèl se yon menas oswa yon alye. Al tande epizòd 74 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 73 - "Li" 01.08.2026 35นาที
    Nan nouvo epizòd sa a, n ap dekouvri kijan yon Memordu jwe ak yon senp mo pou l fè pase on mesaj. Dèyè katren sa kache yon refleksyon sou chanjman, prezans, absans, memwa ak santiman.Me akMo te pran plezi nan pataje konpreyansyon yo sou tèks la.  Al tande epizòd 73 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 72 - Ann konte byenfè l yo 25.07.2026 35นาที
    Mo te deside temwanye grandè Bondye a travè on senp katren (4 ba) epi Me li menm t ap dekòtike l selon sa l konprann. Al tande epizòd 72 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 71 - Comme la coupe du monde - Jean Jean Roosevelt 13.06.2026 37นาที
    Nan epizòd sa a, nou plonje nan analiz yon tèks ki sèvi ak langaj foutbòl pou poze yon gwo kesyon sou limanite. Nou dekouvri kijan otè a transfòme foutbòl an yon refleksyon pwofon sou lagè, lapè, ak kapasite limanite genyen pou l viv ansanm. Al tande epizòd 71 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 70 - Haiti Cheri 06.06.2026 37นาที
    "Ayiti cheri! Pi bèl peyi pase ou nan pwen." Sa a son pawòl m ret kwè preske tout ayisyen ki kite Ayiti pwononse deja. Se lè w pa fizikman nan peyi sa ankò pou w dekouvri valè l. Nan kad epizòd 70 la, nou te mete limyè sou on bèl ekstrè de yon chante ke Othello Bayard ekri e chante - Kali ak Emeline Michel entèprete l. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 69 - Reyaksyon vs Prevansyon 23.05.2026 31นาที
    Gon pwovèb ki di "Prévenir vaut mieux que guérir". Ebyen nan yon reklam Jean-Claude Martineau te fè pou on konpayi, li te mete an valè pwovèd sila. Men nou menm nan Memo Pòdkas, nou t ap dekòtike 2 ti fraz nan reklam sa pou fè on paralèl ant Reyaksyon ak Prevansyon. Al tande epizòd 69 la ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 68 - Naje pou w sòti 16.05.2026 33นาที
    Anpil nan prezidan ki pase nan tèt peyi Dayiti kite ti eritaj vèbal pou nou. Ansyen prezidan Preval, defen, te di: "Naje pou w sòti". Ou menm Memordu(e), ès ke w konn naje? Nan kad epizòd 68, nou t ap gade ki diferan fason ou ka konprann pawòl selèb sa a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 67 - Noir ou Blanc - Léon Laleau 09.05.2026 36นาที
    Nwa ak blan dezinye koulè, men yo ka dezinye ras, mantalite ou kilti tou. Léon Laleau, ki son ekriven ayisyen, ekri on liv ki rele Noir ou Blanc kote l t ap poze on pwoblèm idantite. Nan epizòd 67 la, Mé ak Mo te pran plezi pase a travè on ti ekstrè. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 67 la. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 66 - Cantave K pa an sekirite 02.05.2026 34นาที
    Pou nou pa bliye ke Memo Pòdkas se tout kategori tèks yo analize, Me ak Mo al pran tèks nan yon videyo komik ke Cantave K fè pou Epizòd 66 la. "L'insécurité est plus en sécurité que le peuple." ak "Pendant que l'insécurité ne cesse de faire monter la température du pays, le peuple brûle sous la chaleur de l'insécurité." se 2 fraz nou pran nan yon videyo Cantave pou analize. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 66 la. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 65 - M p ap kapab pou kò m - Frè Gabe 11.04.2026 35นาที
    Konbyen fwa w ka itilize son "otèl" nan on estwòf pandan wap montre nivo spirityèl ou? Frè Gabe nan ekstrè nou pran pou nou analize nan epizòd 65 lan leve defi a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresyen jan Me ak Mo pral dekòtike ti bout tèks sa. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 64 - Lanmou Bondye pi gran pase - #28 Chant d'Espérance Créole 04.04.2026 36นาที
    Es ke w konn grandè lanmou Bondye? Ki longè l, lajè? Ki dimansyon l? Kijan w ka dekri l? Ki kantite plim ou t ap bezwen pou dekri l? Ki dimansyon papye pou w ta genyen? Konbyen moun ou t ap mande ede w dekri l? W ap jwenn repons a tout kesyon sa yo nan ekstrè tèks yon chante ki twouve l nan Chan Desperans Kreyòl #28. Me ak Mo t ap pataje lide sou sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 63 - Bondye ou fidèl - Peter Michel Joseph 21.03.2026 32นาที
    Bondye fidèl e li p ap janm pa fidèl. Fidelite l ap dire pou tout tan. Nan epizòd 63, nou te kontan pou n te elabore sou on ekstrè tèks ki te plonje n nan yon bèl anbyans. Tit tèks la se "Bondye ou fidèl", yon mizik ki twouve l sou yon albòm ki rele Gras e atis la se Peter Michel Joseph. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 62 - Tattoo - Teddy Hashtag 07.03.2026 37นาที
    Me ak Mo lage nan tatou nèt. Pou epizòd 62 a, yo vini ak "Tattoo" - yon tèks ke Teddy Hashtag pote pou nou ki sou dènye albòm li an. Ann al dekouvri ansanm nan epizòd sila kijan mesye yo konprann koze fè tatou Teddy a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 61 - M anvi fè tatou - Fredelin François 28.02.2026 39นาที
    Fredelin François, atravè on mizik li chante, di li anvi fè tatou sou po l pou bae li. Men èske atis la sou fè tatou a vreman. Nan epizòd 61 an, nou pran on ekstrè nan tèks chante sa pou gade: tout dout li eksprime sou koze sa, kisa tatou a ta ka reprezante an jeneral. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

ยอดนิยมใน

พอดแคสต์นี้ปรากฏในชาร์ตพอดแคสต์ของประเทศเหล่านี้ด้วย