Memo Pòdkas

Memo Pòdkas

Fabrice Mésidor, Ricardo Molière
Країна Гаїті
Жанри Arts, Music, Music Commentary
Мова HT
Епізодів 71
Останній 13.06.2026

Memo Pòdkas analize tout kalite tèks, soti nan aspè literal ak literè. Prezantatè yo envite oditè yo pou dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri. Podcast la pote yon ti memo chak epizòd pou diskite sou tèks yo.

Епізоди

  • Epizòd 71 - Comme la coupe du monde - Jean Jean Roosevelt 13.06.2026 37хв
    Nan epizòd sa a, nou plonje nan analiz yon tèks ki sèvi ak langaj foutbòl pou poze yon gwo kesyon sou limanite. Nou dekouvri kijan otè a transfòme foutbòl an yon refleksyon pwofon sou lagè, lapè, ak kapasite limanite genyen pou l viv ansanm. Al tande epizòd 71 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 70 - Haiti Cheri 06.06.2026 37хв
    "Ayiti cheri! Pi bèl peyi pase ou nan pwen." Sa a son pawòl m ret kwè preske tout ayisyen ki kite Ayiti pwononse deja. Se lè w pa fizikman nan peyi sa ankò pou w dekouvri valè l. Nan kad epizòd 70 la, nou te mete limyè sou on bèl ekstrè de yon chante ke Othello Bayard ekri e chante - Kali ak Emeline Michel entèprete l. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 69 - Reyaksyon vs Prevansyon 23.05.2026 31хв
    Gon pwovèb ki di "Prévenir vaut mieux que guérir". Ebyen nan yon reklam Jean-Claude Martineau te fè pou on konpayi, li te mete an valè pwovèd sila. Men nou menm nan Memo Pòdkas, nou t ap dekòtike 2 ti fraz nan reklam sa pou fè on paralèl ant Reyaksyon ak Prevansyon. Al tande epizòd 69 la ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 68 - Naje pou w sòti 16.05.2026 33хв
    Anpil nan prezidan ki pase nan tèt peyi Dayiti kite ti eritaj vèbal pou nou. Ansyen prezidan Preval, defen, te di: "Naje pou w sòti". Ou menm Memordu(e), ès ke w konn naje? Nan kad epizòd 68, nou t ap gade ki diferan fason ou ka konprann pawòl selèb sa a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 67 - Noir ou Blanc - Léon Laleau 09.05.2026 36хв
    Nwa ak blan dezinye koulè, men yo ka dezinye ras, mantalite ou kilti tou. Léon Laleau, ki son ekriven ayisyen, ekri on liv ki rele Noir ou Blanc kote l t ap poze on pwoblèm idantite. Nan epizòd 67 la, Mé ak Mo te pran plezi pase a travè on ti ekstrè. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 67 la. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 66 - Cantave K pa an sekirite 02.05.2026 34хв
    Pou nou pa bliye ke Memo Pòdkas se tout kategori tèks yo analize, Me ak Mo al pran tèks nan yon videyo komik ke Cantave K fè pou Epizòd 66 la. "L'insécurité est plus en sécurité que le peuple." ak "Pendant que l'insécurité ne cesse de faire monter la température du pays, le peuple brûle sous la chaleur de l'insécurité." se 2 fraz nou pran nan yon videyo Cantave pou analize. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 66 la. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 65 - M p ap kapab pou kò m - Frè Gabe 11.04.2026 35хв
    Konbyen fwa w ka itilize son "otèl" nan on estwòf pandan wap montre nivo spirityèl ou? Frè Gabe nan ekstrè nou pran pou nou analize nan epizòd 65 lan leve defi a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresyen jan Me ak Mo pral dekòtike ti bout tèks sa. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
  • Epizòd 64 - Lanmou Bondye pi gran pase - #28 Chant d'Espérance Créole 04.04.2026 36хв
    Es ke w konn grandè lanmou Bondye? Ki longè l, lajè? Ki dimansyon l? Kijan w ka dekri l? Ki kantite plim ou t ap bezwen pou dekri l? Ki dimansyon papye pou w ta genyen? Konbyen moun ou t ap mande ede w dekri l? W ap jwenn repons a tout kesyon sa yo nan ekstrè tèks yon chante ki twouve l nan Chan Desperans Kreyòl #28. Me ak Mo t ap pataje lide sou sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 63 - Bondye ou fidèl - Peter Michel Joseph 21.03.2026 32хв
    Bondye fidèl e li p ap janm pa fidèl. Fidelite l ap dire pou tout tan. Nan epizòd 63, nou te kontan pou n te elabore sou on ekstrè tèks ki te plonje n nan yon bèl anbyans. Tit tèks la se "Bondye ou fidèl", yon mizik ki twouve l sou yon albòm ki rele Gras e atis la se Peter Michel Joseph. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 62 - Tattoo - Teddy Hashtag 07.03.2026 37хв
    Me ak Mo lage nan tatou nèt. Pou epizòd 62 a, yo vini ak "Tattoo" - yon tèks ke Teddy Hashtag pote pou nou ki sou dènye albòm li an. Ann al dekouvri ansanm nan epizòd sila kijan mesye yo konprann koze fè tatou Teddy a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 61 - M anvi fè tatou - Fredelin François 28.02.2026 39хв
    Fredelin François, atravè on mizik li chante, di li anvi fè tatou sou po l pou bae li. Men èske atis la sou fè tatou a vreman. Nan epizòd 61 an, nou pran on ekstrè nan tèks chante sa pou gade: tout dout li eksprime sou koze sa, kisa tatou a ta ka reprezante an jeneral. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 60 - 2,3 mo - BIC Tizon Dife 21.02.2026 41хв
    BIC Tizon Dife tounen nan MeMo Pòdkas fwa sa avèk 2,3 mo. Pou epizòd 60 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik sa ke nou jwenn sou dènye albòm BIC a. Anpil koze ke nou pral dekouvri nan 60em lan. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 59 - Si Lajan Pat Egziste 07.02.2026 44хв
    Pou epizòd 59 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik ke Lil Jayne, Mechans T ak Blaze One te pote ba nou: "Si Lajan pat egziste".  Malgre ekstrè a long, mesye yo pran tan yo pou dekòtike chak ba. Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X.
  • Epizòd 58 - Baz ou vèni - Atyspanch 31.01.2026 42хв
    Me ak Mo pran on ekstrè nan on mizik Atys Panch ki rele "Baz ou vèni" pou prezante nan Epizòd 58 la. Ou pa finn konprann tit la? Ou pa konn si Atys Panch ap fè blag oubyen serye? Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X. Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.
  • Epizòd 57 - Mwen sote klas - Franco Love 24.01.2026 42хв
    Si ou te panse se lekòl selman moun te konn sote klas, vin dekouvri kijan w ka sote klas nan lanmou. Fabrice ak Ricardo te pran on ekstrè nan "M sote klas" ke Franco Love pote ban nou pou debat nan epizòd 57 la. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X. Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.
  • Epizòd 56 - Yo la - Chris Morning 17.01.2026 48хв
    Epizòd 56 sa chita sou yon ti ekstrè nou tire de chante "Yo la" atis Chris Morning chante. Yon ekstrè k ap denonse on sòt de ipokrizi sosyal men ki trè powetik. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 55- Bye Bye - Toby Anbakè 20.12.2025 37хв
    Nou tout dakò chimen siksè pa fasil. Toby rakonte nou sa byen nan Bye Bye, youn nan mizik sou albòm RAS la. Nan tèks sila, g on pati ki trè polisemik. Se li ki te fè objè epizòd 55 la nan Memo Pòdkas Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 54 - COLOC - mCo 13.12.2025 39хв
    COLOC: Yon bijou! Yon zèv atistik de kalite! Yon palendwom! Yon tèks kontradiktwa de Collinx Mondésir. Nan epizòd 54 la, Fabrice ak Ricardo t ap debat sou yon ekstrè tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 53 - Fui Ayiti pa vle di w kite Ayiti 06.12.2025 47хв
    Yon fraz paradòksal: "Je me rends compte que j'ai passé ma vie à fuir Haïti et que je n'ai jamais quitté Haïti." tire nan woman L'énigme du retour de Dany Laférière. Nan epizòd 53 a, Samuel Simon ki te envite nou te vin ede n konprann sa otè vle degaje atravè fraz sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
  • Epizòd 52 - Nenpòt kote n ye, li tande n. 22.11.2025 34хв
    Gen fraz ki sonnen nan zòrèy e ki fè vibre tankou son tanbou. Lè Frankétienne te ekri nan woman Ultravocal : "Partout où je crie, Haïti entend, même quand je suis loin, même quand je suis seul", li pa jis ap pale de bri. Li t ap pale de relasyon nou chak genyen ak peyi nou. Nan epizòd 52 a, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa Frank te vle nou konprann a travè fraz sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Популярний у

Цей подкаст також потрапляв у чарти подкастів у цих країнах.